6 APR 2019 AT 6:39

Vwazen'm yo rele polis, yo di yo tande m'ap bat tanbou, poutan se jis kè'm k ap bat pou ou..
Si malgre gwosè panse'm men ou toujou ka navige, Titanic pa t ap koule vre si se te non w yo te ba'l pote..
Ou tèlman pure, sa konn banm pwoblèm lè van an soufle, pou pousyè pa vole sou ou..
Pi gran bagay pou'm ta fè ak yon milyon dola, se ouvè l atè tankou fèy bwa, epi sou li pou'w t ap mache..

- John le petit..